top of page

KANSE KOL MATRIS

Kisa li ye

KISA LI YE?

Kansè kòl matris se yon lòt kalite kansè. Matris fanm lan andedan vajen li, ou pa ka wè li. Se selman doktè ou byen enfimyè ki ka wè kansè a pandan yap fè egzamen vajen an ak yon loup yo rele kolposkòp. Se sa ki fè anpil fanm pa konnen si yo gen yon kansè nan matris yo.

Kòz kansè kol

KOZ KANSE KOL MATRIS

Bagay ki fè fanm gen kansè kòl matris plis se:

  • Obezite (lè ou twò gwo oswa twò gwo)

  • Lè ou bwè alkòl oubyen fimen tabak

  • Lè ou gen yon mikwòb yo rele PVH (Papiyomaviris Imen). Se yon mikwòb moun ka pran nan fè bagay. Mikwòb sa pa kansè pou kont li men li ka fè selil ki nan matris yo miltipliye jiskaske yo tounen kansè.

Sentom

SENTOM

Sentom kansè kòl matris ou jwenn pi souvan se lè vajen an bay san lè li pa dwe bay li, tankou li ka bay san de fwa nan yon mwa, apre moun nan fin fè bagay ou byen apre moun nan fin fè menopoz.

 

Gen fanm ki konn gen gwo doulè anba ti vant yo pandan yap fè bagay epi vajen yo bay ti dlo ki pa nòmal. Fanm yo dwe fè anpil atansyon ak peryòd règ yo pou yo kapab remake tout sa ki pa nòmal. Si yo wè règ la vini yon fason ki pa nòmal, se pou yo ale lakay yon doktè touswit.

Prevansyon

PREVANSYON

Se viris PVH la ki bay kansè kòl matris. Moun pran li nan fè bagay. Si ou mete yon kapòt pandan relasyon an, si ou pa gen anpil patnè seksyèl, ou va redwi chans ou pou pran PVH la e ou tou redwi chans pou ou gen kansè nan kòl matris ou.

​

Ti fi ki gen laj soti nan 12 pou rive 13 zan kapab pran vaksen kont PVH la ki pral pwoteje yo kont kansè kòl matris.

​

Mesye yo tou, fòk yo jwe wòl yo nan kominote a pandan yap pwoteje'l; fòk yo fè chwa ki responsab e fòk yo fè tout efò pou yo pap pwopaje viris PVH la.

Depistaj

DEPISTAJ   AK   ANALIZ

Fòk fanm fè anpil atansyon pou yo remake sentom kansè kòl matris yo paske pa gen genyen pyès mwayen pou yo egzamine tèt yo pou kont yo. Se sa ki fè, fòk tout fanm ki gen 21 lane ale lakay doktè pou yo fè depistaj kansè pou pipiti yon fwa chak senk (5) an.

​

Genyen anpil fason diferan pou depiste kansè kòl matris.

​

Metòd "Gade pou Trete" a: Metòd "gade pou trete' a se pa sèlman pou depiste kansè nan kòl matris, men yo kapab trete jèn ki fòme kansè nan kòl matris la ak metòd sa tou. Genyen de (2) fason pou yo fè sa, men pou tou lè de (2) se pou yo pran ti kal nan selil ki malad yo pandan yap fè yon konsiltasyon jinokolojik.

​

1.   Enspeksyon vizyèl ak asid estetik ak sa yo rele kriyoterapi ("gade e jele")- sa tout moun rele VIA/Kriyo a. Se sèlman yon enfimyè ki gen dwa fè la, pwodwi chimik ki nan vinèg la ap reyaji sou kòl matris la epi selil ki malad yo ap chanje koulè, yap tounnen tou blan. Lèfini enfimyè a ap jele selil sa yo ak yon kansè nan kòl la. Pwosedi kriyo a pa gen doulè ladann. O kontrè fanm ki fè depistaj ak egzamen pelvyen an konn bezwen fè terapi kriyo a pou selil ki malad yo ou byen sa ki pwal malad yo. Chak senk an li bon pou fè egzamen pelvyen pou ka prevni devlopman kansè kòl matris. Se sa plis moun nan peyi Dayiti 

fè pou depiste kansè kòl matris.

​

​

​

​

​

​

​

​

​

​

2.   Si gen anpil selil ki gen kansè nan kòl la, doktè a ka sèvi ak yon lòt pwosedi ki relel kolposkopi. Kolposkopi vle di lè yon doktè sevi ak yon aparèy pou gwosi deyò vajen an ak kòl la pou egzamine yo. Si li wè yon pwoblèm pandan egzamen an, li pral pran yon ti kal nan kòl la (Sa rele yon biyopsi). Si li bezwen fè sa, li kapab fè sak rele yon resekyson a ans dyatèmik (RAD) pou retire selil ki gen kansè yo. Pwosedi sa bon anpil pou retire selil ki gen kansè nan kòl matris la.

​

​

3.   Yo ka bay fè egzamen PVH la pou yo wè si fanm lan gen viris PVH la ki provoke kansè nan kòl matris li. Egzamen PVH la ap ede doktè a we ki moun ki gen risk pou kansè kòl matris la devlope. Si tès pozitif sa vle di moun nan dwe sibi yon operasyon pou retire selil ki malad yo. Si tès fanm nan pozitif pou PVH la, li pral bezwen sibi operasyon VIA/Kriyo ou byen fe tretman kolposkopi a ak RAD. Fanm yo ka sevi ak tanpon vajinal pou yo pran echantiyon nan selil ki eandedan vajen an pou fe tès PVH la. Lè yo pran echantiyon sa yo, yo pral egzamine yo nan yon machin ki pral di si tanpon vajinal la gen PVH ou byen si li pa genyen.

​

​

​

​

​

​

​

​

​

​

​

4.   Pappanivuluou oubyen «Pap Tès« se yon egzamen kote yo pran selil kòl matris la epi yo egzamine yo pou wè si yo nòmal, si yo pral gen kansè oubyen si yo gentan gen kansè deja. Fòk egzamen Pap Tès la fèt nan yon laboratwa. Se sak fè yo fè egzamen sa yo mwen souvan nan peyi kap devlope. Si Pap Tès yon fanm pozitif, li pral bezwen fè yon operasyon pou retire selil ki malad yo.

​

Tretman

TRETMAN

Kansè nan sen ak kòl matris se maladi ki ka trete si ou al wè yon doktè epi fè depistaj ou byen bonè. Gen anpil fason diferan ou ka trete kansè nan sen ak kansè nan kòl matris, men fason moun yo plis itilize se chimyoterapi, operasyon ak radyoterapi.

​

Si yon moun gen yon kansè ki devlope anpil, lamedsin pap ka fin retire kansè a nèt nan kò li. Yo ka fè chimyoterapi pou fè timè a pa grandi trò vit ak swen palyatif. Chimyoterapi a ap fè moun nan santi'l pi byen epi lap viv pi lontan pase si li pa fè anyen. Moun ka viv ak kansè avanse ak metastatik si yo nan trètman.

​

Chimyoterapi. Chimyoterapi se yon medikaman yo bay venn pou trete kansè. Li touye tout move selil ki gen kansè kap miltipliye byen vit epi li anpeche yo revini ankò. Li ka retire nan gwosè yon timè. Chimyoterapi a atake nenòt selil kap miltipliye, pa sèlman selil ki gen kansè. Selil yo miltiplie pi rapi nan cheve, nan zoong ak nan lestomak. Se pou sa cheve ak zong nou yo tèlman pouse vit. Pandan chimyoterapi a, noun ki gen kansè a ka fè eksperyans sa yo:

​

​

​

​

​

1. Cheve tonbe

​

2. Zong ki chanje koulè

​

3. Anvi vomi ak vomi

​

4. Po a ki chanje

​

​

​

​

 

 

 

 

​

Nomalman, le chimyoterapi a fini, aksyon sa yo disparèt lakay pi fò moun ki gen kansè.

​

Yon moun kap fè chimyoterapi ap bezen ale kay doktè regilyèman pou doktè a ak enfimyè yo kapab swiv jan lap pran medikaman chimyoterapi a. Gen kèk kansè ki ka trete nan klinik san moun nan pa bezen entène nan yon lopital. Sa vle di li ka fin konsilte epi ale lakay li epi retounnen dapre randevou dokete bay li. Men fòk moun sa a byen swiv pwogram chimyoterapi doktè a bay li.

​

​

​

Chiriji. Operasyon pou retire kanse a nan kò moun nan ki kapab sove lavi li. Pou chiriji a fèt fòk yo bay moun yon anestezi pou li dòmi pou li pa santi doulè pandan operasyon sa. Yo toujou fè operasyon sa nan kote kansè a ap grandi nan kò moun nan.

​

Si yob fanm gen yon kansè nan kòl matris ki avanse, doktè a ka blije fè operasyon pou retire mattris (kote ti bebe a grandi andedan vant la). Sa rele isterektomi, sa vle di operasyon pou retire tout mattris al kote ki gen kansè a.

​

​

​

Radyoterapi.  Radyoterapi sèvi ak reyon ki gen yon pakèt enèji pou trte kansè sen ak kansè kòl matris. Li ka fèt deyò oubyen andedan kò a.

​

*Nan radyoterpi ekstèn (deyò kò a), yo sèvi ak yon gwo aparèy pou voye gwo enèji nan kote ki malad nan kò a.

​

*Radyoterapi entèn vle di mete materyèl radyoaktif andedan kò a.

​

Yo pa fè radyoterapi nan peyi Dayiti nan moman nou ap pale la. Ou ka jwenn li nan l`øt peyi ki tou pre yo.

Sipo Sikososyal

SIPO SIKOSOSYAL

Fanm ki gen kansè yo souvan se viktim prejije ak abandon epi sa fè yo ka pale de sa ak mari yo oubyen ak mou ki responsab yo. Anpil fanm kache maladi yo a paske yo pè sa moun ka panse epi sa fè lè yo ale lakay doktè maladi a gentan ase grav, li pap fasil pou trete.

​

Pou ankouraje fanm al fè depistaj ou byen al swiv yon trètman, fòk antouraj yo bayo sipò.

​

Pasle nou se ekspè nan zafè trètman ak sipò pou moun ki gen kansè nan peyi Dayiti, nou wè deja konbyen dipò sosyete a ak lafanmi enpòtan nan retablisman yon pasyan.

bottom of page