top of page

KANSE TETE

KISA LI YE?

Kisa li ye

Kansè tete se yon boul ki pa te dwe la ki grandi nan tete fanm lan. Souvan ou kapab wè li epi santi li nan tete a.

Koz kanse tete

KOZ KANSE TETE

1) Lè ou two gwo​

​

​

​

​

2) Bwè twop alkòl

​

​

​

​

​

3) Fimen

​

​

​

​

​

4) Eredite/Si lòt moun nan fanmi ou kon genyen kansè

Sentom

SENTOM

Sentòm prensipal kansè tete an se chanjman nan fason tete an parèt oubyen santi. Kansè tete an vle di gen yon timè ki ap devlope andedan tete an ki chanje aparans li konsa:

​

​

​

- Fòm tete a chanje

​

​

​

​

​

​

​

​

​

- Po tete a vinn sanble ak po zoranj dous

​

​

​

​

​

​

​

​

​

- Li gen boul oubyen li ka santi

​

​

​

​

​

​

​

​

- Po a vin sèch

​

​

​

​

​

​

​

- Tete a bay san

​

​

​

​

​

​

​

​

​

- Pwent tete a  tounnen lanvè

​

​

​

Ou ka pa wè timè a andedan tete an. Se sa ki fè li enpòtan pou fanm lan verifye tete li pou pipiti, yon fwa pa mwa. Se pou li manyen yo lè lap benyen oubyen lè lap mete soutyen.

Prevansyon

PREVANSYON

Bay ti bebe ou tete kapab fè ou pa gen maladi kansè tete. Fanm ki bay pitit yo tete pou mwens ke yon lane tire mwens avantaj pase fanm ki bay pitit yo tete pou tout yon lane. Plis ou bay pitit ou tete, plis ou pwoteje tèt ou kont maladi kansè tete.

Depistaj

DEPISTAJ

Youn nan fason ki pi bon pou ou depiste kansè nan tete a se sa yo rele oto-egzamen (lè ou egzanminen tèt ou). Se lè fanm lan fè egzamen tete a pou kont li, li gade gwosè li, si li chanje fòm, e si po a nòmal. Pi bon moman pou sa ta fèt, se lè fanm nan ap mete soutyen ou byen lè lap benyen epi sa ta dwe fèt pou pipiti yon fwa pa mwa. (Si ou toujou gen règ, pi bon moman an se yon semèn anvan règ la kòmanse).

​

Gen anpil fason diferan yon fanm kapab verifye si tete li yo pa gen boul. Fanm nan ka fè metòd depistaj sa a lakay li san sa pa koute li anyen!

​

Ou dew gen kapasite pou anseye metòd sa bay lòt moun. Se pou ou li etap sa yo epi pratike juskake ou konnen yo pa kè san ou pa chanje anyen nan lòd la.

Etape 1: Mete men w nan senti w, mete zepòl ou dwat epi gade tete w.

Men kèk bagay pou ou chèche

  • Asire ke lajè tete a, fòm li ak koulè li nomal

  • Tete ki gen fòm nòmal san okenn chanjman ou boul

​

Si ou wè yonn nan chanjman nan lis ki swiv sa, se pou ou al wè yon doktè:

  • Ti tou, po plise ou byen po ki fè ti anfle

  • Si pwent tete a chanje pozisyon ou byen si li tounen lanvè (li rantre olye li soti)

  • Si Li wouj, si li gen doulè, iritasyon, oubyen li anfle

​

Etape 2: Kounye a leve bra ou epi chèche menm chanjman nou sot pale de yo pi wo a. Sèvi ak men dwat ou pou egzamine tete goch ou epi sèvi ak men goch ou pou egzamine tete dwat ou. Manyen tete a yon jan ki fèm epi regilye ak pwen de ou byen twa dwèt. Ou ka mete dwèt ou kouche sou kò tete a, fè mouvman won nan gwosè yon adoken. 

Etape 3: Oubyen tou ou kapab kouche pou fè egzamen sa. Sèvi ak men dwat ou pou egzamine tete goch epi sèvi ak men goch ou pou egzamine tete dwat ou. Manyen tete a yon jan ki fèm epi regilye ak pwen de ou byen twa dwèt. Ou ka mete dwèt ou kouche sou kò tete a, fe mouvan won nan gwosè yon adoken. 

Doktè ak enfimyè yo ka sèvi ak yon machin yo rele iltrason pou egzamine tete a epi gade pou wè si li gen timè ladan'l. Sa se lòt etap nan verifikasyon sentom si yon fanm ta wè tete li vin pi gwo pandan lap egzamine tèt li pou kont li. Gen anpil etablisman kote yo ka fè egzamen sa a.

Tretman

TRETMAN

Kanse nan tete ak nan kol matris se maladi ki ka trete sii ou al we yon dokte epi fe depistaj ou byen boney. gen anpil fason diferan ou ka trete kanse nan tete ak kanse nan kol matris, men faosn moun yo plis itilize se chimyoterapi, operasyon ak radyoterapi.

​

Si yon moun gen kanse ki devlope anplil ladsin pap ka fin retire kanse a net nan ko li. Yo ka fe chimyoterapi pou fe time a pa grandi tro vit ak swen palyatif. Chimyoterapi a  ap fe moun nan santi'l pi byen epi lap viv pi lontan pase si li pa te fe anyen. Moun ka viv ak kanse avanse ak metastatik si yo nan tretman.

​

Chimyoterapy. Chimyoterapy se yon medikaman yo bay nan venn pou trete kanse. Li touye tout move selil ki gen kanse kap miltipliye byen vit epi li anpeche yo revini anko. li ka retire an gwose yon time. chimyoterapi a atake nenpot selil kap miltipliye, pa selman selil ki gen kanse. Selil yo miltipliye pi rapid nan cheve, nan zong ak nan lestomak. Se pou sa cheve ak zong nou yo telman pouse vit. Pandan chimyoterapi, a moun ki gen kanse a ka fe eksperyans sa yo"

​

​

1. Cheve tonbe

​

​

2. Zong ki chanje koule

​

​

3. Anvi vomi ak vomi

​

​

4. Po a ki chanje

​

​

 

 

Nomalman, le chimyoterapy a fini, aksyon sa yo disparet lakay pi fo moun ki gen kanse.

​

Yon moun kap fe chimyoterapi ap bezwen ale kay dokte regilyeman pou dokte a ak enfimye yo kapbab swiv jan lap pran medikaman chimyoterapi a. Gen keke kanse ki ka trete anan klonik san moun nan pa bezen entene nan yon loptial sa vle di lik ka fin konsilte epi ale lakay li epi retounen dapre randevou dokte bay li. men fok moum sa a konsilte epi ale lakay li epi retounen dapre randevou dokte bay li. Men fok moun sa a konsilte epi ale lakay li epi retounnen dapre randevou dokte bay li. Men fok moun sa a byen swiv pwogram chimyoterapi doke a bay li a.

​

Chiriji. Operasyon pou retire kanse a na ko moun nan ki kapab sove lavi li. Pou chiriji a fet fok yo bay moun yon anestezi pou lii domi pou li domi pou li pa santi doule pandan operasyon sa. Yo toujou fe operasyon sa nan kote kanse a ap grandi nan ko moun nan.

​

Si yon fanm gen kanse tete, yo pral fe sa yo relel yon ablasyon nan sen an oubyen yon mastektomi, dapre koman kanse a devlope. Si timè a pa two gwo nan tete an, dokte a ap ka fe yon ablasyon, ki vle di retire sel ti kote ki gen kanse a nan sen an. Men si kanse a gentan two gwo, dokte a ap blije retire tout tete an. Se sa yo rele yon mastektomi. Si moun sa pa ble fe mastektomi a, kanse a ap kontinye grandi epi lap touye moun nan pi devan.

​

​

​

​

​

​

​

​

​

​

​

​

​

​

​

​

​

​

Gen kek kote ki bay mastektomi ak rekonstriksyon. Sa vle di operasyon ki retire tete an epi yo ranplase li pa yon gref yo fe ak gras ak poyo pran nan lot patit nan ko a.

​

Si yon fanm gen yon kanse nan kol matris ki avanse, dokte a ka blije fe operasyon pou retire matri sla (kote ti bebe a grandi andedan vant la). Sa rele isterektomi, sa vle di operasyon pou reture tout matris la lkote ki gen kanse a.

​

​

Radyoterapi.  Radyoterapi a sevi ak reyon ki gen yon paket eneji pou trete kanse sen ak kanse kol matris. li ka fet deyo ou byen andedan ko a.

  • Nan radyoterapi eksten (deyo ko a), yo sevi ak yon gwo aparey pou voye gwo eneji nan kote ki malad nan ko a.

  • radyoterapi enten vle di mete materyel radyoaktif andedan ko a

​

Radyoterapi a touye tout selil ki gen kanse nan kote kap pran tretman nan ko a.

​

Yo pa fe radyoterapi nan peyi Dayiti nan moman nou ap pale la. Ou ka jwen li nan lot peyi ki tou pre yo

 

​

Sipò sikososyal

SIPO SIKISOSYAL

Fanm ki gen kansè yo souvan se viktim prejije ak abandon epi sa fè yo ka pa pale de sa ak mari yo oubyen ak moun ki responsab yo. Anpil fanm kache maldadi yo a pasdke yo pè sa moun ka panse epi sa fè lè yo ale lakay doktè maladi a gentan vin pi mal e li pap fasil pou doktè tretel.

​

Pou ankouraje fanm al fè depistaj oubyen al swiv yon tretman, fòk antouraj li ba li sipò.

​

Paske nou se ekspè nan zafè tretman ak sipò moun ki gen kansè nan peyi Dayiti, nou wè deja kongyen sipò sosyete a ak lafanmi enpòtan nan retablisman yon pasyan.

bottom of page