top of page

Materyel ak Infomasyon sou Kansè 

​

Nan baz pwojè nou an, nou vle tande vwa pasyan nou yo e nou panse ke li evidan ke kominote medikal la komanse mete vwa ak eksperyans pasyan yo nan kompozisyon materyèl kominikasyon ak aktivite de sansibilizasyon pou nou ka (fèmen espas) ki genyen avèk pwofesyonèl lasante, moun ki nan gouvenman ak popilasyon lokal la.

 

Se pou rezon sa tout infomasyon ak materyèl edikasyon nou genyen yo te fèt avèk on gwoup Fanm Pou Pwomosyon Lasante ak fanmi yo. Nou itilize metòd Human Centred Design pou nou ka travay ak kominote pou nou ka byen pale/eksplike istwa ak obstak ki genyen nan maladi kansè fanm nan peyi Dayiti. Imaj sa yo ak gid videyo sa yo se pou ede pasyan yo, ajan de sante kominote, jounalis ak pwofesyonèl lasante kominike/pale sou kansè fanm e nap itilize eksperyans fanm ak fanmi yo.

​

bottom of page